Avi sa a dekri pratik konfidansyalite Columbus Regional Hospital, Doktè Columbus Regional Health yo, LLC, an gwoup yo rele Columbus Regional Health. Avi sa a aplike pou tout enfòmasyon sante ki idantifye ou ak swen w ap resevwa nan etablisman Columbus Regional Health.
Lopital nou an, doktè nou yo, kabinè doktè nou yo, antite nou yo, fondasyon nou yo, etablisman nou yo, lòt sèvis nou yo, ak lòt etablisman afilye nou yo respekte kondisyon ki Avi sa a.
Enfòmasyon sou sante ou yo ka gen ladan yo dosye medikal an papye, nimerik, oswa elektwonik epi li ka gen ladan l tou foto, videyo, ak lòt transmisyon oswa anrejistreman elektwonik yo kreye pandan swen ak tretman ou yo.
Doktè yo ak lòt moun k ap bay swen nan Columbus Regional Health ki pa anplwaye Columbus Regional Health yo echanje enfòmasyon sou ou antanke pasyan ak manm pèsonèl Columbus Regional Health yo. Nan kad swen sante pwofesyonèl swen sante sa yo ki pa nan Columbus Regional Health ap ba ou, yo ka ba ou tou pwòp avi konfidansyalite pa yo ki dekri pratik kabinè yo.
Tout lopital, doktè, antite, fondasyon, etablisman ak sèvis sa yo ka pataje enfòmasyon sante w youn ak lòt pou rezon tretman, pèman ak operasyon swen sante jan sa dekri anba a.
Lwa federal ak lwa etatik yo egzije pou Columbus Regional Health pwoteje enfòmasyon sante w yo epi lalwa federal la egzije pou nou esplike w kòman n ap jere enfòmasyon sa yo. Lè Lwa federal ak lwa etatik sou konfidansyalite yo diferan epi yo an konfli, epi lwa etatik la pwoteje plis enfòmasyon ou yo oswa ba ou plis aksè ak enfòmasyon ou yo, lè sa a n ap konfòme nou ak lwa etatik la. Pa egzanp, kote nou idantifye egzijans espesifik lwa etatik nan avi sa a, lokal Columbus Regional Health ki mansyone a ap konfòme l ak egzijans lwa etatik ki bay plis pwoteksyon an.
KÒMAN COLUMBUS REGIONAL HEALTH KA ITILIZE AK DIVILGE ENFÒMASYON SANTE OU YO
Lè ou vin yon pasyan nan Columbus Regional Health, nou ka itilize enfòmasyon sante ou yo ki nan Columbus Regional Health epi nou ka divilge enfòmasyon sante ou yo bay lòt moun/enstitisyon ki pa nan Columbus Regional Health pou rezon ki dekri nan Avi sa a. Kategori sa yo dekri kèk nan fason nou ka itilize epi divilge enfòmasyon sante ou yo.
Tretman. Nou itilize enfòmasyon sou sante w yo pou ba w sèvis swen sante. Nou ka divilge enfòmasyon sante ou yo bay doktè, enfimyè, teknisyen, etidyan nan medsin oswa nan syans enfimyè, oswa lòt moun ki nan Columbus Regional Health ki bezwen enfòmasyon yo pou pran swen ou. Pa egzanp, yon doktè k ap trete w pou yon janm kase ka bezwen mande yon lòt doktè si w gen dyabèt paske dyabèt ka ralanti pwosesis gerizon janm lan. Sa ka enplike pale ak doktè oswa ak lòt moun ki pa anplwaye nou. Nou ka divilge enfòmasyon sante w yo bay moun ki pa nan Columbus Regional Health ki ka enplike nan swen sante w, tankou doktè k ap trete w, founisè swen adomisil, bay famasi yo, ekspè nan medikaman ak aparèy medikal, ak bay manm fanmi.
Pèman. Nou ka itilize epi divilge enfòmasyon sante ou yo pou ou menm, konpayi asirans ou an, oswa yon lòt twazyèm pati ka faktire epi peye swen sante w ap resevwa yo. Pa egzanp, nou ka bay plan sante w la enfòmasyon sou operasyon ou te fè isit la pou li ka peye nou oswa ranbouse w pou operasyon an. Nou ka di plan sante w la tou tretman ou pral resevwa yon fason pou nou ka jwenn apwobasyon pèman alavans oswa pou nou konnen si plan w lan ap peye pou tretman an.
Operasyon Swen Sante. Nou ka itilize enfòmasyon sante ou yo epi nou ka divilge li bay lòt moun/enstitisyon ki pa nan Columbus Regional Health pou operasyon swen sante nou yo. Itilizasyon ak divilgasyon sa yo ap ede nou jere Columbus Regional Health pou prezève epi amelyore swen pasyan yo. Pa egzanp, nou ka itilize enfòmasyon sante ou yo pou nou revize swen ou te resevwa a epi pou nou evalye pèfòmans anplwaye nou yo nan swen ou yo. Nou ka konbine enfòmasyon sante plizyè pasyan tou pou nou idantifye nouvo sèvis pou nou ofri, ki sèvis nou pa bezwen, epi pou n konnen si kèk terapi efikas. Nou ka divilge enfòmasyon tou bay doktè, enfimyè, teknisyen, etidyan an medsin, ak lòt moun ki nan Columbus Regional Health pou rezon aprantisaj ak amelyorasyon kalite. Nou ka retire enfòmasyon ki idantifye ou pou moun/enstitisyon ki pa nan Columbus Regional Health ka etidye done sante ou yo san yo pa konnen kiyès ou ye.
Kontakte w. Nou ka itilize epi divilge enfòmasyon sante ou yo pou nou kontakte w konsènan randevou ak pou lòt bagay. Nou ka kontakte ou pa lapòs, nan telefòn oswa sou imèl. Pa egzanp, nou ka kite mesaj vokal nan nimewo telefòn ou ban nou an, epi nou ka reponn sou adrès imèl ou.
Echanj Enfòmasyon Sante. Nou ka patisipe nan kèk echanj enfòmasyon sante kote nou ka divilge enfòmasyon sante w, jan lalwa otorize sa, bay lòt founisè swen sante oswa lòt antite pou tretman.
Aranjman Swen Sante Òganize. Nou ka patisipe nan aranjman konjwen avèk lòt founisè swen sante oswa antite swen sante kote nou ka itilize oswa divilge enfòmasyon sante ou yo, jan lalwa otorize sa, pou patisipe nan aktivite konjwen ki gen ladan tretman, revizyon desizyon sou swen sante, evalyasyon kalite oswa aktivite amelyorasyon, oswa aktivite pèman.
Sèvis ki gen rapò ak Swen. Nou ka itilize epi divilge enfòmasyon sante ou yo pou voye ba ou pa lapòs sou pwodui ak sèvis ki gen rapò ak sante ki disponib nan Columbus Regional Health.
Sipò Filantwopik. Nou ka itilize oswa divilge kèk enfòmasyon sante w pou nou kontakte ou nan objektif pou nou ranmase lajan pou sipòte Columbus Regional Health nan operasyon li yo. Ou gen dwa chwazi pou ou pa resevwa kominikasyon sa yo epi ou ka chwazi pou ou pa resevwa kominikasyon sa yo nenpòt ki lè, lè w di Columbus Regional Health Foundation sa nan 812.376.5100 oubyen lè w voye demann dezabònman ou an sou [email protected].
Repètwa Enfòmasyon sou Pasyan yo. Lopital nou an mete kèk enfòmasyon limite sou ou nan repètwa pasyan li an, tankou non ou epi li ka gen kote ou ye nan lopital la ansanm ak eta sante w an jeneral (pa egzanp: bon, pasab, grav, kritik, oswa endetèmine). Nòmalman, nou bay moun ki itilize non ou pou yo mande pou ou enfòmasyon sa yo. Nou ka mete afilyasyon relijye ou nan repètwa a tou epi nou ka bay klèje ki nan kominote a enfòmasyon limite sa a. Lè ou bay enfòmasyon ki nan repètwa enfòmasyon ou yo, sa pèmèt fanmi ou ak lòt moun (tankou zanmi, klèje ki nan kominote a, ak moun ki fè livrezon yo) vizite ou nan lopital la epi konnen kijan ou ye an jeneral. Si ou fè pa dakò oswa si ou prefere pou enfòmasyon pèsonèl sa yo rete konfidansyèl, ou ka fè demann sa a nan depatman anrejistreman (registration department) an epi nou p ap divilge okenn nan enfòmasyon sa yo.
Rechèch Medikal. Si yo fè rechèch sou pasyan ki nan Columbus Regional Health, li pase nan yon pwosesis espesyal lalwa egzije ki revize pwoteksyon pou pasyan ki patisipe nan rechèch la, tankou pwoteksyon vi prive. Nou p ap itilize enfòmasyon sante w yo, ni nou p ap divilge l bay moun/enstitisyon ki pa nan Columbus Regional Health pou rezon rechèch san nou pa jwenn apwobasyon ekri w alavans oswa san nou pa detèmine vi prive w pwoteje.
Donasyon Ògàn ak Tisi. Nou ka divilge enfòmasyon sou sante konsènan donatè ògàn, tisi, ak je ansanm ak moun ki resevwa transplantasyon bay òganizasyon ki jere donasyon ak transplantasyon ògàn, tisi, ak je.
Sante Piblik ak Sekirite. N ap divilge enfòmasyon sou sante ou bay moun/enstitisyon ki pa nan Columbus Regional Health lè lalwa federal, leta, oswa lokal, oswa lè pwosesis tribinal la egzije sa. Nou ka divilge enfòmasyon sante w pou rezon sante piblik ak sekirite, tankou rapòte nesans, lanmò, abi oswa neglijans sou timoun, reyaksyon ak medikaman oswa pwoblèm ak pwodui medikal. Nou ka divilge enfòmasyon sante w pou ede kontwole pwopagasyon maladi oswa pou avèti yon moun ki ka gen sante l oswa sekirite l ki menase. Nou ka divilge enfòmasyon sante w bay yon ajans siveyans sante pou aktivite lalwa otorize, tankou odit, envestigasyon, enspeksyon ak lisans. Nou ka divilge enfòmasyon sante w tou lè gen yon ijans oswa pou sove moun lè gen katastwòf natirèl.
Divilgasyon Dosye ki Genyen Enfòmasyon sou Abi Dwòg oswa Alkòl. Pou enfòmasyon règleman federal kouvri ki konsène dosye twoub itilizasyon sibstans nan 42 CFR Pati 2 ("Dosye Pati 2"), fòk nou gen konsantman alekri ou pou itilize epi divilge dosye sa yo sof si nou gen otorizasyon pou nou itilize epi divilge yo san yon konsantman ou ekri. Nou p ap divilge okenn Dosye Pati 2 pou nou itilize nan okenn pwosedi sivil, administratif, kriminèl, oswa lejislatif kont ou sof si ou bay konsantman espesifik ki ekri (separe de nenpòt lòt konsantman) oswa yon tribinal bay yon òdonans ki apwopriye. Nan limit lòt lwa ki aplikab yo pi strik pase Pati 2 sou fason nou ka itilize oswa divilge enfòmasyon sante ou yo, n ap konfòme nou avèk lwa etatik ki pi strik la.
OTORIZASYON POU LÒT ITILIZASYON AK DIVILGASYON
Jan sa dekri pi wo a, n ap itilize enfòmasyon sante ou yo epi n ap divilge li bay lòt moun/enstitisyon ki pa nan Columbus Regional Health pou tretman, pèman, operasyon swen sante, epi lè lalwa egzije oswa otorize sa. Nou p ap itilize oswa divilge enfòmasyon sante w yo pou lòt rezon san yon otorizasyon ou ekri. Pa egzanp, pifò itilizasyon ak divilgasyon enfòmasyon sante pou kèk rezon maketin, ak divilgasyon ki konstitiye yon vant enfòmasyon sou sante mande otorizasyon ou ekri. Kalite itilizasyon ak divilgasyon enfòmasyon sante w yo ap fèt sèlman avèk otorizasyon ou ekri. Ou ka anile otorizasyon an lè w ekri yon dokiman nenpòt ki lè, men nou pa ka retire okenn itilizasyon oswa divilgasyon enfòmasyon sante ou ki fèt deja avèk otorizasyon ou an. Lwa etatik ak lwa federal ka egzije pou nou jwenn konsantman ou pou kèk divilgasyon enfòmasyon sante konsènan bagay sa yo: pèfòmans oswa rezilta maladi kontajye (pa egzanp, maladi seksyèlman transmisib ki gen ladan men ki pa sèlman limite ak sifilis, epatit viral, tès VIH, dyagnostik SIDA, oswa yon pwoblèm sante ki gen rapò ak SIDA), rezilta tès jenetik, dosye sante mantal, ansanm ak tretman dwòg oswa alkòl ou te resevwa kòm yon pati nan yon pwogram tretman dwòg oswa alkòl.
DWA OU YO
Nan sa ki konsène enfòmasyon sante w yo, ou gen kèk dwa. Seksyon sa a eksplike dwa ou yo ak kèk nan responsablite nou yo pou ede ou.
Dwa pou w Jwenn yon Relve Divilgasyon. Ou ka mande yon relve divilgasyon, ki gen non tout antite oswa moun (ki pa ou menm) Columbus Regional Health te divilge enfòmasyon sante ou yo san otorizasyon ekri ou. Relve sa p ap ka gen ladan divilgasyon pou tretman, pèman, operasyon swen sante, ak kèk lòt divilgasyon lalwa egzante. Demann ou pou yon relve divilgasyon dwe fèt nan yon dokiman ekri, ki siyen, epi ki gen dat sou li. Li dwe idantifye peryòd divilgasyon yo ak etablisman sante rejyonal Columbus ki kenbe dosye w ap mande relve pou li a. Nou p ap bay lis divilgasyon ki depase sis (6) ane anvan demann ou an. Demann ou an ta dwe endike nan ki fòm ou vle lis la (pa egzanp, sou papye oswa elektwonikman). Ou dwe soumèt demann ou ekri a bay Ofisye Konfidansyalite ki mansyone nan Avi sa a.
N ap reponn ou nan 60 jou. N ap ba ou premye lis la pandan yon peryòd 12 mwa gratis, men n ap fè w peye pou tout lòt relve nou mande nan menm 12 mwa yo.
Dwa pou w Modifye. Si ou santi enfòmasyon sante nou genyen sou ou yo pa kòrèk oswa yo pa konplè, ou gen dwa mande nou pou nou modifye dosye medikal ou a. Ou dwe ekri, siyen epi mete dat sou demann w ap fè a pou nou ka modifye enfòmasyon sa yo. Li dwe presize dosye ou vle modifye yo, idantifye etablisman sante rejyonal Columbus ki kenbe dosye sa yo, epi bay rezon ki fè ou fè demann sa. Nou ka refize demann ou an; si nou fè sa, n ap di w poukisa epi n ap eksplike w opsyon ou genyen yo. Columbus Regional Health ap reponn ou nan 60 jou. Ou dwe adrese demann ou an bay Ofisye Konfidansyalite ki mansyone lis nan Avi sa a.
Dwa pou Enspekte epi Jwenn Kopi. Ou gen dwa pou enspekte epi jwenn yon kopi dosye medikal ou ki ranpli a sof si doktè w la kwè divilgasyon enfòmasyon sa a ba ou ka fè w mal. Ou ka pa wè oswa jwenn yon kopi enfòmasyon yo kolekte pou yon pwosedi legal oswa pou kèk dosye rechèch pandan rechèch la ap dewoule. Demann ou pou enspekte oswa jwenn yon kopi dosye yo dwe fèt an pèsòn oswa ou dwe ekri l, siyen epi mete dat sou li pou w soumèt li bay depatman Jesyon Enfòmasyon Sante (Health Information Management) ki nan Columbus Regional Hospital la oswa nan etablisman ki kenbe dosye yo. Demann yo ka fèt anliy sou: https://www.crh.org/contact-us/request-my-medical-records. Nou ka fè w peye yon frè pou tretman demann lan.
Si Columbus Regional Health refize demann ou pou enspekte oswa jwenn yon kopi dosye yo, ou ka ekri Ofisye Konfidansyalite ki mansyone nan Avi sa a pou w fè apèl kont refi a.
Dwa pou w Mande Restriksyon. Ou gen dwa mande nou pou nou mete restriksyon sou fason nou itilize oswa divilge enfòmasyon sante w pou tretman, pèman, oswa operasyon swen sante, men nan pifò sikonstans nou pa oblije dakò. Men, si ou peye nèt ale pou yon atik oswa sèvis swen sante, epi ou mande nou pou nou limite divilgasyon enfòmasyon sante ou ki gen rapò ak atik oswa sèvis sa a sèlman bay yon plan sante, n ap dakò nan limit divilgasyon an bay plan sante a se pou rezon pèman oswa operasyon swen sante epi lalwa pa egzije divilgasyon an. Ou ka mande nou tou pou limite enfòmasyon sante w yo n ap itilize oswa divilge bay yon sèl moun ki enplike nan swen ou oswa nan pèman pou swen ou an, tankou yon manm fanmi oswa yon zanmi. Yon lòt fwa Ankò, nou pa oblije dakò. Ou dwe siyen epi ou dwe mete dat sou demann pou yon restriksyon, epi ou dwe idantifye etablisman Columbus Regional Health ki kenbe enfòmasyon yo. Demann lan ta dwe dekri tou enfòmasyon ou vle nou mete restriksyon sou li yo, di si ou vle limite itilizasyon oswa divilgasyon enfòmasyon an oswa toude, epi di nou ki moun ki pa ta dwe resevwa enfòmasyon ki gen restriksyon sou li a. Ou dwe ekri demann ou an pou w soumèt bay Ofisye Konfidansyalite ki mansyone nan Avi sa a. N ap di w si nou dakò ak demann ou an oswa si nou pa dakò avè l. Si nou dakò, n ap konfòme nou ak demann ou an sof si enfòmasyon an pa nesesè pou ba ou tretman ijan.
Dwa pou w Mande Kominikasyon Konfidansyèl. Ou gen dwa pou w mande nou kominike avèk ou konsènan sante ou nan kèk fason oswa nan yon kote espesifik. Pa egzanp, ou ka mande pou nou kontakte w sèlman nan travay ou oswa pa lapòs. Ou dwe ekri, siyen epi mete dat sou demann ou an pou kominikasyon konfidansyèl yo. Li dwe idantifye etablisman sante rejyonal Columbus k ap fè kominikasyon konfidansyèl yo epi presize kijan oswa ki kote ou vle yo kontakte ou. Ou pa bezwen di nou rezon pou demann ou an, epi nou p ap mande w anyen. Ou dwe ekri demann ou an voye bay Ofisye Konfidansyalite ki mansyone nan Avi sa a. N ap reponn tout demann ki rezonab yo.
Dwa pou w Jwenn yon Kopi Papye Avi sa a. Ou gen dwa pou w jwenn yon kopi Avi sa a sou papye. Ou ka mande nou pou ba ou yon kopi Avi sa a nenpòt ki lè. Menm si ou te dakò pou resevwa Avi sa a elektwonikman, ou toujou gen dwa pou resevwa yon kopi papye. Ou ka jwenn yon kopi papye Avi sa a nan nenpòt nan etablisman nou yo oubyen lè w rele Ofisye Konfidansyalite ki mansyone nan Avi sa a. Ou kapab wè Avi sa a tou sou sitwèb nou an.
PLENT Si ou panse yo vyole dwa ou genyen nan kesyon konfidansyalite, ou ka depoze yon plent bay Ofisye Konfidansyalite Columbus Regional Health la oswa bay Sekretè Depatman Sante ak Sèvis Sosyal Etazini (Secretary of the U.S. Department of Health and Human Services) an. Pou depoze yon plent bay Columbus Regional Health, ou dwe ekri plent ou an pou w soumèt li bay Ofisye Konfidansyalite ki mansyone nan Avi sa a.
CHANJMAN NAN AVI SA A Columbus Regional Health ka chanje Avi sa a nenpòt ki lè. Nenpòt chanjman nan Avi a ka aplike ak enfòmasyon sante nou genyen sou ou deja yo, ansanm ak nenpòt enfòmasyon n ap resevwa alavni. N ap poste yon kopi Avi aktyèl la nan chak etablisman nou yo ak sou sitwèb nou an.
KESYON Si ou gen kesyon sou Avi sa, ou ka kontakte Ofisye Konfidansyalite Columbus Regional Hospital (Columbus Regional Hospital Privacy Officer) nan 812.376.5774, sou imèl [email protected] oswa ou ka voye yon demann pa lapòs bay COLUMBUS REGIONAL HEALTH, Pou: Privacy Officer, 2400 E. 17th St., Columbus, IN 47201.
Dat li te Antre an Vigè: 14 Avril 2003. Dat yo te Revize l la: 23 Septanm 2013, 1ye Septanm 2020, 2 Fevriye 2024, 9 Septanm 2024, 16 Fevriye 2026.